Adult ESOL Program
“Student Orientation Script in Creole”
Allo. Byenveni nan Pwogram ESOL nan (name of school). Bi oryantasyon se pou nou ka familiarize nou ak pwogram angle nou bay-la. Mwen pral esplike nou pwosesis enskripsyon-an, sa nap atann de ou, epi fè-w vizite lekòl-la pou-w ka santi-w pi alèz.
Lè nou vin fè enskripsyon-an, yo pral teste-nou pou wè ki nivo-nou nan pale, li, ak tande lang angle. Pou tès-sa-yo pa gen ni pase ni pa pase. Map repete ankò, pa gen keksyon pa pase tès-sa-yo. Nou sèlman bezwen wè ki nivo klas kap bon pou ou. Nou vle gen garanti wap vin bon nan lang angle-a. Si ou kòmanse nan nivo ki kòrèk pou ou-a, lap pi fasil pou amelyore abilte-ou pou pale bon angle. Wap rete nan menm nivo klas-la pandan omwen yon sesyon konplè ki kouvri (tan) semen.
Rive yon lè pandan sesyon-an, yap bay yon egzamen pou detèminen si ou bon pou monte nan nivo siperyè-a. Si ou fè nòt pasaj-la, ou va enskri tousuyt pou lòt nivo-an . Si nòt ou fè-a pa satisfezan, ou va enskri tousuyt pou menm nivo klas-la pou nou ka travay piplis avè-ou sou sèten ladrès espesifik. Ou pap bezwen ale nan oryantasyon ankò .
Kou yo fin mete-ou nan klas ki apwopriye pou ou-a, yap fè yon randevou pou ou pou w ka rankontre avèk asistan-nou-an. Li enpòtan pou w rankontre avè’l nan 2 premye semèn klas-yo pou li ka defini bi edikatif ak pwofesyonèl-ou yon fason pou nou ka bati yon plan pou ede w atenn bi-sa-yo pandan ou nan pwogram-nan Nou gen resous ou ka itilize pou pratike Anglè ansanm ak opòtinite jwenn travay pou avanse karyè w.
Pou nou ka kontinye ofri Pwogram Anglè-a gratis, elèv-nou-yo dwe travay pou bay bon rannman. Pou fè sa, se pou nou vin nan klas regilyèman epi pran tout egzamen-yo. Nou resevwa lajan nan men leta Florid pou chak elèv ki monte nan nivo siperyè-a. Ki fè, menm lè nou ofri klas-sa-yo gratis, nou espere ou va pran sa oserye, vin lekòl regilyèman epi etidye kou w kapab. Bò pa-nou nap fè tout sa nou konnen pou ba-nou yon ansenyman siperyè epi ede-nou atenn bi edika syo nèl-nou ak meyè travay.
Pandan pwosedi enskripsyon mwen pral detaye pou nou yon lòt moman, nap gen pou n pran yon egzamen lekti ak yon egzamen tande Pa gen afè ni pase ni pa pase egzamen-sa-yo. Rezilta-yo pral sèvi pou detèminen nan ki nivo klas wap ka kòmanse. Gen sèt nivo klas pou w pase nan pwogram Anglè nou-an. Nenpòt lè ou vle fè pratik egzamen-yo, ou ka ale nan entènèt nan adrès www.casas.org/home/ . Pwofesè klas-ou-a ap resevwa enstriksyon pou li itilize pratik egzamen ki nan sit-sa-a pou ede ou familyarize w avèk egzamen-an Misyon-nou se ede w atenn bi-ou.
Lè wap pran tès-la yap mande w pou pase kreyon nan wonn ki koresponn ak repons ou chwazi-a nan fèy repons-la; men ki jan ou dwe fè-l. (speaker will demonstrate with a real scantron sheet). Pou nou ka rive kote nou vle-a li enpòtan pou nou vin lekòl regilyèman . Klas yo ap fèt de 6zè à 8:30 diswa de lendi à jedi. Lendi se sèl jou nouvo elèv ka antre nan klas. Si apre ou fin enskri wap tann lendi pou w kòmanse, ou ka vizite laboratwa konmpitè ki louvri-a pou fè pratik leson anglè-yo.
Nou konnen gen de lè ou pap ka vin lekòl, men tanpri fè tout posib-ou. Si ou rive an reta nan klas-la, tanpri gen respè pou lòt elèv-yo lè wap antre. Nou oblije vin lekòl omwen 2 fwa pa semenn. Si ou pa vin lekòl pandan 6 jou suyvi, yap retire w nan klas-la epi wap bezwen wè ak yon asistan pou esplike rezon ki fè ou t’oblije absan. Wap oblije refè enskripsyon-an pou w ka tounen lekòl. Wap bezwen pote yon plim oswa kreyon, yon diksyonè, yon liv lekòl, avèk papye. Yo vann liv-la nan “Media Center”-a pou $20.00.
Men regleman pwogram ESOL ak lekòl kote nou ye-a etabli. Sa ki pi enpòtan, peson pa gen dwa fimen ni andedan ni deyò batiman lekòl-la. Anplis nou pa genyen gadri e ou pa ka mennen timoun nan saldeklas-yo ni lè wap vin enskri. Nou pa ka ret kanpe deyò lekòl-la pandan lè klas-yo. Tout elèv dwe nan klas-yo oswa kite lakou-a. Pandan nou nan klas-la, tout telefòn selilè dwe fèmen oswa mete-yo sou vibrasyon. Si ou resevwa yon kòl pou yon ka ijan, tanpri, soti deyò pou reponn kòl-la. Si telefòn nan sonnen twò fò, pwofesè-a gen dwa mande w pou w soti nan klas-la; wa tounen pwochen lekòl. Kounye-a mwen pral dekri pou ou kisa w pral fè pandan 3 jou enskripsyon-yo.
Enskripsyon An 3 Jou
Lap pran 3 jou pou w konplete enskripsyon-an anvan ou ka kòmanse klas-yo.
Premye Jou Enskripsyon
Jodi-a wap fè tout oryantasyon-an, kòmanse ranpli fòm-yo, fè egzamen preliminè-yo epi yap ba-ou yon fèy randevou pou w retounen demen pou pran plis egzamen. Wap fè tout oryantasyon-an epi kòmanse ranpli fòm-yo tousuyt nan menm sal-la. Gen lòt manm pèsonèl kap la pou ede-ou. Ansuyt ou pral wè ak youn nan asistan-yo ki va ba-ou yon entèvyou “vèbal”? ann Anglè. Asistan-an va montre ou nan ki sal pou w al fè egzamen lekti-a. Dezyèm jou-a, (sètadi demen), ou dwe pote fèy randevou w-la pou nou ka konnen ki egzamen lekti wap gen pou pran. Yon asistan va montre ou nan ki sal pou w ale; wap antre, ou chita, epi pran pòsyon tès lekti-a
Dezyèm Jou Enskripsyon
Dezyèm jou-a, sètadi demen, ou dwe pote fèy randevou w-la pou nou ka konnen ki egzamen lekti wap gen pou pran. Yon asistan va montre ou nan ki sal pou w al fè tès lekti-a. Yap tcheke-l kou w fini. Apre sa, asistan-an va detèminen ki egzamen tande wap gen pou w fè. Yap ba-ou yon fèy randevou pou w retounen nan jou apre-a pou w vin fè tès tande-a.
Twazyèm Jou Enskripsyon
Twazyèm jou-a, lè ou retounen yap ba-ou tès tande-a. Lè ou fini, yon pwofesè va gade rezilta total egzamen, swa pou lekti ak tande, pou detèminen ki nivo klas ki pi meyè pou ou. Òdinèman nou baze sou nòt lekti oswa nòt tande ki pi ba-a pou detèminen nivo klas ki kòrèk-la. Yon asistan ap ede w ranpli rès fòm-yo pou li ka tcheke lis-la avè-ou pou asire ou fè tout sa ou te gen pou w fè. Ou menm ak asistans-an dwe siyen lis-sa-a. Wap gen pou siyen yon kontra tou pou w di ou konprann tout regleman-yo. Yon asistan ap montre ki kote klas ou ye. Apresa, ou mèt ale. Wap kòmanse klas nan lendi dapre-a a 6zè diswa. Lendi se sèl jou nouvo elèv-yo ka antre nan klas. Apre 90zè klas oswa lè pwofesè-a deside, yap ba-ou yon lòt tès. Si ou fè yon gwo nòt pou tès-la, yap mete w nan klas siperyè-a. Si non, wap rete nan menm klas-la pou w ka aprann plis Anglè.
Nan yon moman, wap resevwa yon katab ki gen fòm enskripsyon-an, lis-u-a, kontra-a avèk papye egzamen lap bezwen-yo. Antre nan pwogram ESOL-la se yon bon desizyon ou te pran. Nou swete-ou bòn chans avèk anpil siksè nan etid-ou. Sonje si ou gen nenpòt keksyon oswa enkyetid pa jennen pale avèk kowòdinatè sit-la. Mèsi Anpil!